IT TAKES A VILLAGE ACADEMY

HIGH SCHOOL

Home     About Us     Acceuil     A Propos de Nous     Akèy     Ki Sa Nou Ye     Homework Help     Projects and Activities     Staff/Personnel/Pèsonèl     Contact Us     Site Map      
«It Takes A Village Academy» se yon ti lekòl tou nèf ki pra-l louvri pòt li nan mwa Septanm 2007 lan. Nou ta renmen enskri timoun ki vrèman gen ambisyon ak sa ki vlé travay di pou kòmanse nevyèm grad la nan mwa septanm 2007 la.  

 

TOUT ELEV ITAVA DWE POTE INIFOM NOU AN

Bon kominikasyon: chak elèv pral kite ITAVA ak yon konpetans nan lang etranjè ak nan anglè akademik. Elè yo pral kapab kominike lide yo sou plizyè fòm. Yap pral kapab pran la pawòl an piblik san pwoblèm, yap vin gran ekriven, moun kap koute byen.

Karaktè: Elèv ITAVA yo pral afiche de valè pozitiv ka pral ede sosyete vin pi bon chak jou pi plis, yo pral montre respè yo genyen pou chak moun ak aprann sa ki pozitif de chak moun yap rankontre sou wout yo. Elèv yo pral kapab evalye pwòp tèt yo, yo pral kapab afime valè y oak sa yo ye. Ya pral fikse ki say o vle, vini ak chanjman pozitif, aspire a yon nivo lavi ki pi elvé.

Panse Kritik: Elèv ITAVA yo pral aplike plizyè metoloji relfeksyon kap pèmèt yo konprann pi byen kisa sa vle di sans ak konpreyansyon apati pwòp eksperyans yo. Yo pral chèche konprann pi byen enpòtans etik ak moral nan kominote y oak nan sosyete a an jeneral. Yo pral kapab idantifye ak evalye bezwen kominote a dekwa pou yo rive jwenn mwayen ki bon an pou rezoud yo a travè aksyon yo.

 

ITAVA gen plizyè patnè kapral travay avèk li, san blye... Patnè sa yo pral sipòte pwogram atistik nap gen pou n bay elèv yo aprè orè regilye jounen a, yap esponsorize vwayaj aletranje pou noua k sipote estaj nap fè ak estj nap ofri elè v yo. Elèv ITAVA, paran yo, administratè yo ak lòt manm kominote a pral travay ansanm pou asire siksè ITAVA kòm yon enstitisyon exanplè ki chèche ede kominote a bay plis randman ak vin pi pisan. 
 Kondisyon pou sòti

ITAVA engage l pou l ka sèten ke w gradye avèk yon konesans akademik, teknologik, ak social ke wap bezwen pou inspire lòt moun epi pou ka reyisi ni nan lavi lekòl, ni lavi chakjou. ITAVA bay tout moun ki satisfè kondisyon sòti ke n pral site la yo Selman yon diplòm « High School Regents .» Satisfaksyon sa a ap ka jistifie avèk nòt ke w resevwa pou kou akademik yo, test ofisyèl yo, pòtfolio digital yo, ak demonstrasyon elèv yo.