IT TAKES A VILLAGE ACADEMY

HIGH SCHOOL

Home     About Us     Acceuil     A Propos de Nous     Akèy     Ki Sa Nou Ye     Homework Help     Projects and Activities     Staff/Personnel/Pèsonèl     Contact Us     Site Map      
 
Yon Envitasyon Pou Paran Yo
 
Chè Paran,
  
Nou menm anseyan nan ITAVA, nou pran yon kokenn chenn plezi pou n envite w ou menm ak tou pitit ou nan yon reynyon ke nap òganize nan lokal lekòl la ki chita nan 5800 Aveni Tilden, Brooklyn, NY 11203 nan jou kap 30 Daou 2007. Rankont sa a empotan anpil paske na pral pale de règleman lekòl la, kou yo, kondityon pou yon moun rantre nan nevièm grad la, spò yo, ak tout lòt aktivite you kap gen pou pran pye aprè lounen lekòl la fini. Se pra l yon okazyon pou rankontre tout profesè yo epi pou pale avèk yo tou. Geyen yon ti kado avèk yon ti amizman nap kite pou ou. Reynyon an ap kòmanse a 6:30 nan aswè. Men nap espere w a pati de 6:00 nan aswè yon fason pou nou ka gen tan fè yon ti vire nan zalantou lokal la, pale antre nou, pataje ti rafrechisan nou, epi rankontre manm òganization yo nan kominote a ki pra l travay ak piti nou yo.
 
 
Pèsonèl la
 
Lèt sa a gen aprobasyon:
Marina Vinitskaya, ki se Direktris Lekòl la.